BACK TO THE HOMEPAGE           VOLUNTEER FOR US!
  LONWEB PARALLEL TEXTS

 

 

 

 

 

CREOLE

 
 

 

Declarasyon Inivesel
Dwa de Lom

Preamble

Entwodiksyon lè nou konsidere ke, paske yo rekonèt ke diyite ki nan nannan tout moun ak dwa egal ego yo ki pa sa van, se baz epi inaliénables constitue le fondement de la libète, de la jistis epi deak lapè nan le mond entye,

Universal Declaration
of Human Rights

Preamble

Whereas recognition of the inherent dignity and of the equal and inalienable rights of all members of the human family is the foundation of freedom, justice and peace in the world,

Lè nou konsidere ke, paske yo pa rekonèt epi ke yo méeprize dwa de lom, sa mennen move zak ki revolte la konsians limanite, epi tou ke wè yon tan kote tout moun ap lib pou you pale ak pou yo kwè, paske yo pap nan laperez ak la misè, tan sa-a yo rele li pi gwo ambisyon lom ka genyen, Whereas disregard and contempt for human rights have resulted in barbarous acts which have outraged the conscience of mankind, and the advent of a world in which human beings shall enjoy freedom of speech and belief and freedom from fear and want has been proclaimed as the highest aspiration of the common people,
Lè nou konsidere ke li enpòtan ke dwa de lom fok yo pwoteje yo avèk yon regleman de dwa pou lom pa oblije, lè li pasa aji lot jan, revolte kgenont kraze zo ak lopresyon, Whereas it is essential, if man is not to be compelled to have recourse, as a last resort, to rebellion against tyranny and oppression, that human rights should be protected by the rule of law,
Lè nou konsidere ke li impòtan ke tout moun ankouraje devlopman relasyon zanmitay ak lot nasyon, Whereas it is essential to promote the development of friendly relations between nations,
Lè nou konsidere ke nan Pwensip fondalnatal Nasyon Zini, pèp Nasyon Zini-yo retounen proklame la fwa-yo nan dwa fondalnatal moun, nan la diyite ak valè tout moun, nan dwa egal ego fanm kou gason, epi ke pèp sa yo deklare ke yo deside mete devan, pwogrè la sosyete epi pou yo enstale bon kondisyon pou la vi miyò chitya nan gwao la libète, Whereas the peoples of the United Nations have in the Charter reaffirmed their faith in fundamental human rights, in the dignity and worth of the human person and in the equal rights of men and women and have determined to promote social progress and better standards of life in larger freedom,
Lè nou konsidere ke peyi manm yo angaje yo pou yo asire, ansanm avek Oganisyon Nasyon Zini, respe inivèsel ak respe tout bon dwa de lom ak libète fondalnatal, Whereas Member States have pledged themselves to achieve, in cooperation with the United Nations, the promotion of universal respect for and observance of human rights and fundamental freedoms,
Lè nou konsidere li enpòtan ke fok yo tout wè dwa ak libète sa-yo menm jan, pou yo ka ranpli tout bon angajman sa-a, Whereas a common understanding of these rights and freedoms is of the greatest importance for the full realization of this pledge, Now, therefore,
Asamble Jeneral Nasyon Zini,

Pwoclame

Deklarasyon Inivèsel Dwa de Lom sa-a se anbisyon pou la vi miyò demen, pou tout pèp ak tout nasyon mete nan tèt yo, pou yon jou tout moun, ansanm avek tout vwa la sosyete, ak Deklarasyon sa-a nan lespri yo toutan, yo fè yon jèfò, avek kom baz anseyman ak edikasyon, pou yo devlope respè dwa ak libète sa a yo epi pou yo fè de kwa, avek aksyon nasyonal ak entènasyonal, yap pran ofi amèzi, pou yo rekonèt dwa sa yo epi pou yo aplike yo nan le mond antye, tout bon, nan mitan popilasyon peyi ki manm Nasyon Zini-yo, ak nan mitan tout teritwa ki anba jiridiksyon yo.

The General Assembly,

Proclaims

this Universal Declaration of Human Rights as a common standard of achievement for all peoples and all nations, to the end that every individual and every organ of society, keeping this Declaration constantly in mind, shall strive by teaching and education to promote respect for these rights and freedoms and by progressive measures, national and international, to secure their universal and effective recognition and observance, both among the peoples of Member States themselves and among the peoples of territories under their jurisdiction.

ArtikAtik 1

Tout moun fèt lib, egal ego pou diyite kou wè dwa. Nou gen la rezon ak la konsyans epi nou fèt pou nou aji youn ak lot ak yon lespri fwatènite.

Article 1

All human beings are born free and equal in dignity and rights. They are endowed with reason and conscience and should act towards one another in a spirit of brotherhood.

ArtikAtik 2

Chak moun kapab itilize dwa ak tout libète pki pwoklame nan Deklarasyon sa-a, san yo pa fè okenn diferans ant you moun ak you lot, kelt ki lan swa ras li, koulè li, sex li, lang li pale-a, relijyon li, opinyon politik o swa nen pot ki lot opinyon li ka genyen, kit li soti nan orijin nasyonal o gen reapò ak la sosyete, lajan, kotel sòoti o swa nenpot ki lot sitiasyon.

Epi, yo pap fè oken diferans kel ke swa lL wa sou politik, jistis o swa Lwa entèénasyonal peyi ou byen tenritwa kote moun nan sòti, ke pèéyi o swa tenritwa sa-a li endepandan, ou byen sou lobedians yon lot, kel pa sa anji pou kol o enkeò kel gen kek règleman ki limite libète peyi-a.

Article 2

Everyone is entitled to all the rights and freedoms set forth in this Declaration, without distinction of any kind, such as race, colour, sex, language, religion, political or other opinion, national or social origin, property, birth or other status.



Furthermore, no distinction shall be made on the basis of the political, jurisdictional or international status of the country or territory to which a person belongs, whether it be independent, trust, non-self-governing or under any other limitation of sovereignty.

ArtikAtik 3

Chak moun gen dwa as ke li gen la vi, la libeète ak sekirite pou tèt-li.

Article 3

Everyone has the right to life, liberty and security of person.

ArtikAtik 4

Yo pa gen dwa kimbe pèson nan esklavaj ni fòsel ekzekite yon travay; esklavaj avek komès esklav entèdi kèl ke swa jan yap fèl la.

Article 4

No one shall be held in slavery or servitude; slavery and the slave trade shall be prohibited in all their forms.

ArtikAtik 5

Yo pa gen dwa maspinen you moun, ni fèl sibi mòve tretman, ni tretel kou bèt osnon fèl pèdi lonèl.

Article 5

No one shall be subjected to torture or to cruel, inhuman or degrading treatment or punishment.

ArtikAtik 6

Chak moun gen dwa as ke yo rekònet toupatou pèsonalite jiridik-li.

Article 6

Everyone has the right to recognition everywhere as a person before the law.

ArtikAtik 7

Tou moun egal devan la lwa epi tout moun gen dwa, san pati pri, gen menm pwoteksyon ke la lwa bay. Tout moun gen dwa gen pwoteksyon-an kont tout pati pri ki ta kab anviole Deklarasyon sa-a epi tout kont tout pwovokasyon pou yo fè pati pri.

Article 7

All are equal before the law and are entitled without any discrimination to equal protection of the law. All are entitled to equal protection against any discrimination in violation of this Declaration and against any incitement to such discrimination.

ArtikAtik 8

Chak moun gen dwa poul resevwa konkou tout bon pa devan tribinal nasyonal reskonsab yo, kont zak kap anviole dwa fondalnatal ke konstitisyon o swa la lwa rekònet kel genyen.

Article 8

Everyone has the right to an effective remedy by the competent national tribunals for acts violating the fundamental rights granted him by the constitution or by law.

ArtikAtik 9

Yo pa gen dwa ak fos gro ponyet, arete, mete nan prizon o swa ekzile yon moun.

Article 9

No one shall be subjected to arbitrary arrest, detention or exile.

ArtikAtik 10

Chak moun gen dwa, egal ego, as ke yo koute koz li kou koz nenpòt ki lot moun, devan yon piblik, devan yon tribinal ki pa depann de pèson anpi ki baye bon pwa ak bon mezi, ki kab deside sou dwa ak devwa moun nan, o swa si akizasyon yo pote kontli la lwa konsiderel kom jis.

Article 10

Everyone is entitled in full equality to a fair and public hearing by an independent and impartial tribunal, in the determination of his rights and obligations and of any criminal charge against him.

ArtikAtik 11

  1. Nenpòt ki moun yo ta akize de move zak sou yon lot, sipose inosan jiskaske la lwa rekonèt kè li koupab, nan yon prose piblik, kote yo dwe bali tout garanti nesesè pou li defann tèt li.
  2. Yo pap ka kondane pèson pou aksyon o swa manklman ke, le moman yo tap komèt yo, yo pat konsidere yo kom yon move zak, dapre dwa nasyonal oubyen ientènasyonal. Menme jan, yo pap ka mete diplius sou kondanasyon you moun ke sa la lwa te rekonèt la le moman move zak-la te komèt.

Article 11

  1. Everyone charged with a penal offence has the right to be presumed innocent until proved guilty according to law in a public trial at which he has had all the guarantees necessary for his defence.
  2. No one shall be held guilty of any penal offence on account of any act or omission which did not constitute a penal offence, under national or international law, at the time when it was committed. Nor shall a heavier penalty be imposed than the one that was applicable at the time the penal offence was committed.

ArtikAtik 12

Yo pap ka ak la fos entre nan afè ki regade vi prive yon moun, fanmi-li, kay-li o swa lèt kel ekri o swa kel resevwa, ni sal lonè li ak repitasyon li. Tout moun gen dwa gen pwoteksyon la lwa kont zak sa yo.

Article 12

No one shall be subjected to arbitrary interference with his privacy, family, home or correspondence, nor to attacks upon his honour and reputation. Everyone has the right to the protection of the law against such interference or attacks.

ArtikAtik 13

  1. Tout moun gen dwa sikile libreman epi tou chwazsi kote li pral rezide-a nan peyi-a.
  2. Tout moun gen dwa kite nenpot ki peyi, menm pal tou, epi retounen nan peyi l.

Article 13

  1. Everyone has the right to freedom of movement and residence within the borders of each State.
  2. Everyone has the right to leave any country, including his own, and to return to his country.

ArtikAtik 14

  1. Lò gen pèsekisyon, tout moun gen dwa chèche lazil epi benéefisie lazil nan lot peyi.
  2. Dwa sa-a li pa ka aplike lè se pouswiv yap pouswiv yon moun pou krim dwa komen o swa pou ajisman ki kontrè ak entanNasyon epi princip Nasyon Zini.

Article 14

  1. Everyone has the right to seek and to enjoy in other countries asylum from persecution.
  2. This right may not be invoked in the case of prosecutions genuinely arising from non-political crimes or from acts contrary to the purposes and principles of the United Nations.

ArtikAtik 15

  1. Tout moun dwe genyen yon nasyonalite.
  2. Yo pa sa wete nasyonalite yon moun ak la fos, ni yo pa sa anpechel chanje nasyonalite.

Article 15

  1. Everyone has the right to a nationality.
  2. No one shall be arbitrarily deprived of his nationality nor denied the right to change his nationality.

ArtikAtik 16

  1. DDepi yo gen laj la, yon gason ak yon fanm, kel ke swa ras yo, nasyonalite yo o swa relijyon, gen dwa marie o swa fonde yon fanmi. Yo gen dwa egal ego devan mariaj, pandan mariaj epi lè yap divòse.
  2. Mariaj pa sa fèt si se pa ak lib konsantman moun ki pral marie yo.
  3. La fanmi se eleman natirel ki pi enpòtan la sosyete epi li gen dwa genyen pwoteksyon la sosyete ak leta.

Article 16

  1. Men and women of full age, without any limitation due to race, nationality or religion, have the right to marry and to found a family. They are entitled to equal rights as to marriage, during marriage and at its dissolution.
  2. Marriage shall be entered into only with the free and full consent of the intending spouses.
  3. The family is the natural and fundamental group unit of society and is entitled to protection by society and the State.

ArtikAtik 17

  1. Tout moun, kit li poukòl kit li ak moun, gen dwa posede yon byen.
  2. Yo pa gen dwa wete byen yon moun nan men li ak la fos.

Article 17

  1. Everyone has the right to own property alone as well as in association with others.
  2. No one shall be arbitrarily deprived of his property.

ArtikAtik 18

Tout moun gen dwa poul gen libète panse, libète konsians li ak relijyon li; dwa sa-a konpran tou libète pou li chanje de relijyion obyen fason li pnanse, libète manifeste relijyion li o swa fason li pnanse, poukòl osnon ak lot moun, kit li devan yon piblick kit li nan prive, pa mwayen lanseyman, pwatik, sèvis-la ak seremoni-yo.

Article 18

Everyone has the right to freedom of thought, conscience and religion; this right includes freedom to change his religion or belief, and freedom, either alone or in community with others and in public or private, to manifest his religion or belief in teaching, practice, worship and observance.

ArtikAtik 19

Tout moun gen dwa a libète lide yo ak lapawol yo, kidonk dwa pou yo pa enkiete yo a koz lide yo ak dwa tou pou yo chèche, resevwa epi tou piblye, san konsiderasyon fwontiè, enfòmasyon ak lide pa nenpot ki mwayen ki ekziste pou yo piblye yo.

Article 19

Everyone has the right to freedom of opinion and expression; this right includes freedom to hold opinions without interference and to seek, receive and impart information and ideas through any media and regardless of frontiers.

ArtikAtik 20

  1. Tout moun gen dwa gen libète fè reinyon ak asosyasyon san zam.
  2. Yo pa ka oblije pèson manm yon asosyasyon.

Article 20

  1. Everyone has the right to freedom of peaceful assembly and association.
  2. No one may be compelled to belong to an association.

ArtikAtik 21

  1. Tout moun gen dwa patisipe nan direksyon zafè piblik peyil, swa direkteman, swa pa lentèmediè repréesantan kel chwazi an tout libète.
  2. Tout moun gen dwa okipe, nan kondisyon egalite, pos piblik peyi li.
  3. Volonté yon peup se baz otorite pouvwa piblik; volonte sa-a dwe manifeste li nan eleksyon onèt ki dwe fèt nan entèval fiks, ak patisipasyon tout sitwayen, ak vot sekrè osnon ak yon metofd ki ta menm jan ak sa-a depi li asire libète vot-la.

Article 21

  1. Everyone has the right to take part in the government of his country, directly or through freely chosen representatives.
  2. Everyone has the right to equal access to public service in his country.
  3. The will of the people shall be the basis of the authority of government; this will shall be expressed in periodic and genuine elections which shall be by universal and equal suffrage and shall be held by secret vote or by equivalent free voting procedures.

ArtikAtik 22

Tout moun, kom manm la sosyete, gen dwa gen sikirite sosyal; sekirite sa-a, yo kreyel pou moun jwen satisfaksyon dwa ekonomik, sosyal ak kiltirel ki endispansab pou diyite ak devlopman lib pèsonalitel, gras a jeèfò nasyonal ak kooperasyon entènasyonal, depandan de oganizasyon ak resous chak peyi.

Article 22

Everyone, as a member of society, has the right to social security and is entitled to realization, through national effort and international co-operation and in accordance with the organization and resources of each State, of the economic, social and cultural rights indispensable for his dignity and the free development of his personality.

ArtikAtik 23

  1. Tout moun gen dwa revandike dwa travay, gen dwa chwazi libreman travay li, nan de kondisyon ki bon, ki jis, ak pwoteksyon kont chomaj.
  2. Tout moun gen dwa, san pati pri, aske yo peyel yon salè egal pou yon travay egal ak sa yon lòt fè.
  3. Tout moun kap travay, yo dwe bali yon salè jis epi ki satisfezan, ki kapab asirel, ansanm ak fanmi li, yon ekzistans ki an akò avek diyite moun epi complétéetou, si gen posibilite, pou yo ta konpletel ak tout lòt mwayen pwoteksyon sosyal.
  4. Tout moun gen dwa fonde sendika ak lòt moun osnon entre nan sendika pou defann enterè yo.

Article 23

  1. Everyone has the right to work, to free choice of employment, to just and favourable conditions of work and to protection against unemployment.
  2. Everyone, without any discrimination, has the right to equal pay for equal work.
  3. Everyone who works has the right to just and favourable remuneration ensuring for himself and his family an existence worthy of human dignity, and supplemented, if necessary, by other means of social protection.

  4. Everyone has the right to form and to join trade unions for the protection of his interests.

ArtikAtik 24

Tout moun gen dwa gen repo ak amizman, ak yon limit rezonab pou dire travay-la epi, tout moun gen dwa tou a konje peye periodik.

Article 24

Everyone has the right to rest and leisure, including reasonable limitation of working hours and periodic holidays with pay.

ArtikAtik 25

  1. Tout moun gen dwa pou yon nivo lavi ki kapab garanti lasante ak byenèt yo ansam ak pa fanmi yo, epi tou garanti manje, abiye, kay, swen lasante avek sèvis sosyal nesesè yo; tout moun gen dwa pou yo genyen sikirite nan ka chomaj, maladi, paralesi, epi tou si mari o swa madanm mouri, nan ka vieyes o swa nan tout lòt ka kote yon moun ta pèdi mwayen poul viv, nan de sikonstans ke se pat volonte'l ki te vle li.
  2. Matènité ak ti moun piti gen gen dwa a yon èd ak yon asistans espesyal. Tout ti moun, kit yo fèt nan mariaj, kit se andeyò mariaj, gen menm pwoteksyon sosyal la.

Article 25

  1. Everyone has the right to a standard of living adequate for the health and well-being of himself and of his family, including food, clothing, housing and medical care and necessary social services, and the right to security in the event of unemployment, sickness, disability, widowhood, old age or other lack of livelihood in circumstances beyond his control.

  2. Motherhood and childhood are entitled to special care and assistance. All children, whether born in or out of wedlock, shall enjoy the same social protection.

ArtikAtik 26

  1. Tout moun gen dwa a levasyon. Levasyon dwe gratuis, di mwens lò se anseyman elemanitè epi fondalnatal. Anseyman elementè obligatwa. Anseyman teknik ak pwofesyonel dwe jeneralize; antre nan etid siperiè dwe ouvè pou tout moun egal ego depandan de valè yon moun.
  2. Vizion levasyon dwe pou fè fleri pèsonalite moun ak ranfose respè dwa de lom ak libète fondalnatal. Li dwe tou ankouraje konesans, tolerans ak lamitye ant tout nasyon, tout gwoup ras moun o swa tout relijyon, epi tou ankouraje devlopman aktivite Nasyon Zini pou mentni la pè.

  3. Paran yo, en premie, gen dwa pou yo chwazi ki kalite levasyon pou yo bay pitit yo.

Article 26

  1. Everyone has the right to education. Education shall be free, at least in the elementary and fundamental stages. Elementary education shall be compulsory. Technical and professional education shall be made generally available and higher education shall be equally accessible to all on the basis of merit.
  2. Education shall be directed to the full development of the human personality and to the strengthening of respect for human rights and fundamental freedoms. It shall promote understanding, tolerance and friendship among all nations, racial or religious groups, and shall further the activities of the United Nations for the maintenance of peace.
  3. Parents have a prior right to choose the kind of education that shall be given to their children.

ArtikAtik 27

  1. Tout moun gen dwa patisipe libreman nan aktivite sou la vi kiltirel kominote-a, jwi la vi atistik-la epi paticipe nan pwogrè la sians ak avantaj ki soti nan pwogrè sa-a. epi aux bienfaits qui en résultent.
  2. Tout moun gen dwa genyen pwoteksyon enterè lespri ak enterè tout bon vre ki sòti nan tout pwodiksyon la sians, literati epi tou atistik ke moun sa-a ta pwodwi.

Article 27

  1. Everyone has the right freely to participate in the cultural life of the community, to enjoy the arts and to share in scientific advancement and its benefits.

  2. Everyone has the right to the protection of the moral and material interests resulting from any scientific, literary or artistic production of which he is the author.

ArtikAtik 28

Tout moun gen dwa aske ekziste, sou plan sosyal ak sou plan entènasyonal, yon lòd kote dwa ak libète ki pwoklame nan Deklarasyon sa a kapab aplike tout bon vre.

Article 28

Everyone is entitled to a social and international order in which the rights and freedoms set forth in this Declaration can be fully realized.

ArtikAtik 29

  1. Chak moun gen devwa padevan kominote-a, kote se sèl kote devlopman lib tout bon pèsonalite li kapab realize.
  2. Nan itilizasyon dwa li yo epi nan la jwisans libète li yo, yon moun dwe soumèt li devan limitasyon ke la lwa sèlman tabli, pou asire rekonesans ak respe dwa ak libète lot moun epi tou pou satisfiè bon jan ekzistans règleman la sosyete, lòd piblik ak byenèt jeneral nan yon sosyete demokratik.
  3. Dwa ak libète sa yo, yo pap kapab, nan okenn ka, itilize yo lòt jan ke selon vizion ak pwencip Nasyon Zini.

Article 29

  1. Everyone has duties to the community in which alone the free and full development of his personality is possible.
  2. In the exercise of his rights and freedoms, everyone shall be subject only to such limitations as are determined by law solely for the purpose of securing due recognition and respect for the rights and freedoms of others and of meeting the just requirements of morality, public order and the general welfare in a democratic society.
  3. These rights and freedoms may in no case be exercised contrary to the purposes and principles of the United Nations.

ArtikAtik 30

Okenn nan disposisyon Deklarasyon sa-a pap ka entèpwete kom kwa yon leta, yon gwoupman o swa yon moun, ta ka gen yon dwa kelkonk poul ta tanmen yon aktivite obyen komèt yon zak ki ta vle abouti a destriksyon dwa ak libète ki pwoklame na Deklarasyon-an.

Article 30

Nothing in this Declaration may be interpreted as implying for any State, group or person any right to engage in any activity or to perform any act aimed at the destruction of any of the rights and freedoms set forth herein.