Kibò
Lorna Ye
|
The search for Lorna
|
Daisy Hamilton te yon detektif prive.
|
Daisy Hamilton was a private detective.
|
Li
te genyen trantan epi sa fè de zan depi li se yon detektif.
|
She was thirty years old and had been a detective for
the past two years.
|
Chak maten li te ale nan biwo li pou chita tann kout
telefòn oswa pou resevwa kliyan ki bezwen sèvis li.
|
Every morning she went to her office to wait for
phone calls or open the door to clients needing her services.
|
Pa gen anpil moun ki te ko konnen Daisy kòm detektif
men detanzantan telefòn lan sonnen paske de twa moun te wè yon reklam li
te mete nan jounal.
|
Daisy wasn't very well known yet but occasionally
people telephoned her from the advertisement she had put in the local
newspaper.
|
Yon bon maten vè onzè, yon moun frape nan pòt biwo
Daisy-a.
|
One morning at about eleven o'clock someone knocked
on her office door.
|
Se te yon gwo madanm ki te genyen yon gwo fouri nan
kou l.
|
It was a fat lady who wore a fur around her neck.
|
“Alo, eske m ka ede w?” Daisy
mande madanm lan. “Men chèz,
antre chita souple.”
|
"Hello, can I help you?" Daisy asked the
lady. "Please come and sit down."
|
“O
mè wi! Mwen bezwen èd ou anpil.
|
"Oh yes indeed! I need your help desperately.
|
Ti
pitit mwen, Lorna, disparèt. Mwen pa konnen sa pou m fè.”
|
Lorna, my little one has disappeared. I don't know
what to do."
|
Daisy ofri gwo madanm lan yon tas kafe pandan lap tan
pou l ba li plis detay.
|
Daisy offered the fat lady a cup of instant coffee
and awaited the details.
|
Gwo madanm lage kò
l sou yon chèz epi li depoze gwo sak rouj po bèt li-a sou biwo Daisy-a.
|
The fat lady sat down heavily and put her large red
leather handbag on Daisy's desk.
|
“Souple di mwen tout bagay – Se madam…?”
|
"Please tell me everything - Mrs. ...?"
|
“Madan Edwina Humphries ki non mwen. Mezanmi mwen pè
ke yo pral mande m lajan – Ou kwè yo pa kidnape Lorna!”
|
"Mrs. Edwina Humphries is my name. I am afraid
they will ask me for money - I'm afraid Lorna has been kidnapped!"
|
“Se
terib sa, madan Humpries. Eske mesye Humphries panse tou ke yo kidnape
Lorna?”
|
"That's terrible, Mrs. Humphries. Does Mr.
Humphries, too, think Lorna has been kidnapped?"
|
“Sa
pa di mari mwen anyen si yo kidnape Lorna ou pa!”
|
"My husband is not interested if Lorna has been
kidnapped or not!"
|
“Vrèman, madanm Humphries?
Men eske se mari w ki papa Lorna?”
|
"Really, Mrs. Humphries? But is your husband
Lorna's real father?"
|
“Mwen
pa konprann sa w vle di la. Nou te achte Lorna ansanm,” madan
Humprhies reponn.
|
"I don't know what you mean. We bought Lorna
together," replied Mrs. Humphries.
|
“Ou te achte...madan Humphries, men ou konnen sa kont
la lwa.”
|
"You bought ............Mrs. Humphries, that's
illegal, you know."
|
“Men
non, pa Annend!”
|
"No it isn't, not in India!"
|
“ Se Annend ou te achte Lorna?”
|
"You bought Lorna in India?"
|
Men wi! Epi l toujou ak mwen.”
|
Yes indeed! And she always keeps me great company,
you know."
|
“Madan Humprhies louvri gwo sak rouj po bèt
li-a pou l rale yon mouchwa.
|
"Mrs. Humphries opened her huge leather bag to
pull out a handkerchief.
|
Kè Daisy sote lè l wè yon bagay kap mouvante kò
li pou l soti nan sak la.
|
With horror Daisy saw a wiggling creature come out of
that bag.
|
“Madan Humphries – voye sak la jete!” Daisy
rele.
|
"Mrs. Humphries - move that away
immediately!" screamed Daisy.
|
“Kisa?
O Lorna – Mwen jwen ou finalman!” madan Humphries di. “Se
nan sak mwen-an ou te kache – ala ti fi pa bon!”
|
"What? Oh Lorna - I've found you at
last!" said Mrs. Humphries."You hid in my bag - you naughty
girl!"
|
“Madan
Humphries. Se sa-a ki Lorna-a?”
|
"Mrs. Humphries. This is Lorna?"
|
Mèwi, se koulèv marekay Bengali
nou an. O mèsi pitit mwen. Non, mwen pa kwè ke m bezwen sèvis ou ankò!”
|
Yes, our Bengali swamp snake. Oh thank you my dear.
No, I don't think I need your services any longer!"
|
Lè Daisy ap fèmen pòt la dèyè
madan Humphries, li reflechi nan tèt li ke l pral mete nan reklam li-an :
ni bèt, ni koulèv.
|
As Daisy shut the door after Mrs. Humphries, she made
a mental note to write in the advertisement: no animals, no snakes.
|