Daisy
Macbeth
|
Daisy
Macbeth
|
Daisy tap gade rad nan vitrinn magazin Bronzetti a
pandan ke lap anmize li nan krèm
twa gou li renmen anpil la.
|
Daisy was looking at the clothes in the shop window
of Bronzetti’s enjoying her favourite three-flavour ice cream.
|
Li
pa janm antr nan magazin n paske bagay yo vann trò chè.
|
She never entered the shop because she couldn’t
afford their prices.
|
‘’Mwen dwe d tou ke rad estil Italyen bèl
anpil men fòk ou mens pou antre ladan yo’’.
Daisy mamòte ak tèt li.
|
"I must admit that Italian styles are very nice,
but you have to be pretty slim to get into them." Daisy muttered to
herself.
|
Se pa ke Daisy te twò gwo, gwosè li mwayen men li
pa mens tankou pi fò modèl yo.
|
It wasn’t that Daisy was fat, she was just average, but certainly not paper-thin, like most
models.
|
Epi
li di tèt li ankò ‘’Mm, rad de piès
genyen yon bèl koulè.’’
|
And again to herself, "Mm, that two-piece is a
lovely shade."
|
‘’Kay, mwen pat panse m tap wè w bonè konsa –
o eskize m se pa oumenm Kay?
|
"Kay, I didn’t expect to see you here yet -
oh, sorry you’re not Kay, are you?"
|
Daisy
vire tèt li poul wè ki moun ki ap pale avek li .
|
Daisy turned around to see who was speaking to her.
|
Se te yon moun an dezaj, mizerab, ki gen bab, apeprè
senkant an.
|
It was a rather shabby-looking, bearded man of about
fifty.
|
Li
klè ke misye soti an Afrik epi la pale tankou moun ki soti nan sid
Etazini.
|
He was clearly of African origin and had a strong
Southern States accent.
|
Malgre rad ki te sou li a, li te genyen yon linèt
mak italyen ke Daisy te konnen ki vann chè anpil.
|
In spite of his clothes he was wearing glasses of a
famous Italian make, which Daisy knew cost a lot of money.
|
‘’Se
pa oumenm vre’’.
|
"No,
indeed."
|
Daisy
pa konn gen abitid pou moun ap pale ak li konsa nan mitan gran ri a epi
pou yo fèl ale nan direksyon opoze shop krèm li renmen anpil la.
|
Daisy wasn’t used to being chatted up in the middle
of the High Street and made to walk off in the direction of her favourite
ice-cream parlour.
|
‘’Eskize m silvouplè Mis...
mwen se yon direktè fim e...’’
|
"Please excuse me, Miss...er, you see I’m a
film director and..."
|
‘’Non
mèsi, sa pa enterese m. Orevwa.’’
|
"No thank you, I’m not interested.
Goodbye."
|
‘’Non, ou pa konprann. Se vre.
|
"No, you don’t understand. I really am.
|
Mwen
se Lawrence Baker,’’ Misye a di Daisy kom si paske li di non li Daisy
ka konprann poukisa la aji konsa.
|
I’m Lawrence Baker," the man told Daisy as
though the mention of his name would explain his behaviour.
|
‘’E
mwenmenm se yon detekti
prive!’’Daisy reponn trè vit.
|
"And I’m a private investigator!"
retorted Daisy.
|
‘’O se pa yon pwoblèm, Ou kapab fè trè
byen.’’
|
"Oh, that doesn’t matter, you’ll do just the
same."
|
Daisy se yon ekspè nan debarase li ak moun ki
enbesil men fwa sa li te ontijan kirye poul konnen poukisa misye a ap
ensiste konsa
|
Daisy was rather good at getting rid of stupid people
but this time she was a bit curious to know what was behind this sort of
insistence.
|
‘’Ou mèt rele mwen Lawrence’’ misye a di
|
"Do call me Lawrence" the man added.
|
‘’Gade, ankake ou pa janm tande pale de mwen, se
mwen ki te dirije fim ak aktè nan Harlem The Tempest.’’
|
"Look, in case you’ve never heard of me I
directed an all Harlem cast of The Tempest."
|
Daisy te renmen Shakespeare nan fim epi li te wè fim
sa-a.
|
Daisy liked Shakespeare on the screen and had indeed
seen the film.
|
E byen, mwen te renmen fim ou an anpil men mwen pa Kay
e... o, eske se de kay bartok aktrès kanadyèn nan McBeth la ou tap pale?
|
"Well, I liked your film immensely but I’m not
Kay and......oh, you weren’t talking about Kay Bartok, the Canadian
actress in Macbeth? "
|
Se
ou ki fè fim sa tou, pa vrè?
|
You made that too, didn’t you?
|
‘’Wi Lawrence Baker ri. Daisy te fè kè l kontan.
|
"Yes." Lawrence Baker smiled. Daisy had
made his day.
|
‘’Byen ke fim mwen yo pa fè anpil lajan men sa
fèm plèzi poum tande yon fanm anglèz di ke li renmen youn nan yo.
|
"I’m afraid my films don’t make a lot of
money, but it gives me pleasure to hear an Englishwoman saying she enjoyed
at least one of them.
|
Men an nou tounen sou bizniz.
|
But back to business.
|
Mwen te konfon ou pou kay. E
mwen genyen yon bel ide. E si ou ta ranplase
li pou rès semèn nan!’’
|
I mistook you for Kay. And I’ve had a wonderful
idea. How would you like to be her double for the rest of the week!"
|
Daisy te sezi.
|
Daisy was stunned.
|
M. Lawrence kontinye: Figi ou pa egzakteman tankou pa li men ou gen menm kò ak
li e menm koulè cheve long maron klè.
|
Mr. Lawrence continued: "Your face isn’t
exactly like hers but you have an identical build and just the same long
light-brown hair.
|
Kay ontijan fatige e li bezwen pran yon bon repo.
|
You know, Kay, is a bit run down and she badly needs
a rest.
|
Yon sèl ti bagay sè ke li genyen anpil randevou nan
jou kap vini yo paske nou isit pou nou fè piblisite pou denyè fim nou an
‘’Back to the jungle with a modem’’.
|
The thing is that she has a lot of engagements in the
next few days as we are here to promote our latest film, "Back to the
jungle with a modem".
|
‘’Mwen pa vrèman yon aktè – omwen mwen fè sa
yon ti kras lè mwen ap travay sou yon ka, men... Daisy di.
|
"Well, I really don’t act as a profession - at
least I do sometimes when I’m investigating a case, but......" said
Daisy.
|
‘’Gade, poukisa nou pa pran yon ti tas kafe
laba-a.’’ Lawrence montre li yon ti shop kafe pa lòt bè wout la.
|
"Look, why don’t we have a cup of coffee over
there," Lawrence indicated a coffee shop on the other side of the
road.
|
Kay
pral rankontre m la paske li te vle al achte kèk bagay avan.
|
"Kay is meeting me there because she wanted to
do some shopping first.
|
Gade, men li, lap antre nan shop la kounye-a.’’
|
Look, there she is, going into the coffee shop
now."
|
Lawrence se yon moun ki renmen pale anpil epi ou paka
dil non e Daisy te trè kirye donk
li diside poul rankontre ak kay bartok
|
Lawrence was the talkative type who would never take
no for an answer, and Daisy was rather intrigued by the whole matter so
she decided to meet Kay Bartok.
|
Lè yo entwodui l bay aktrès la, Daisy te wè ke
trè li te diferan de kay epi Kay te gen omwens kenz an pi plis pase li.
|
When she was introduced to the actress, Daisy saw
that their features were different and that Kay Bartok was at least
fifteen years older,
|
Men fizik yo te sanble.
|
but physically they were indeed very similar.
|
Kay bartok genyen yon aksan kanadyèn trè fò.
|
Kay Bartok had a strong Canadian accent.
|
‘’Ou se yon detekti prive Mis Hamilton.
|
"So you’re a private eye, Miss Hamilton.
|
Mwen
twouve sa trè enteresan.
|
How very interesting.
|
Siman ou rankontre sitiyasyon ki trè danjere
pafwa’’.
|
You must get into very dangerous situations
sometimes."
|
Daisy
kòmanse renmen dam poli sa lè wap pale avek li li gade w tankou
li sensèman enterese nan sa wap di li.
|
Daisy took a liking to this gracious lady who looked
at people as though she was sincerely interested in what they were saying.
|
‘’ Kay, kisa ou panse.
|
"Kay, what do you think,
|
Mis Hamilton kapab mete anpil makiyaj nan zye li,
mete yon chapo ki kouvri figi li epi lap sanble egzakteman tankou ou.'’.
|
Miss Hamilton could put heavy eye make-up on, wear a
face-covering hat and would look exactly like you."
|
‘’Yon minit m. Baker, travay mwen se detektif,
mwen pa ranplase moun nan fim.
|
"Just a minute, Mr. Baker, I work as a private
eye and not as a film double..."
|
Gade Daisy, nou kapab peye ou kom si ou ta envestige
yon ka.
|
"Look, Daisy, we could pay you just as if you
were investigating something.
|
Ou tap rann nou yon gwo sèvis, M. lawrence ensiste.
|
You would be doing us a great favour." Lawrence
insisted.
|
Daisy ezite:
|
Daisy
hesitated:
|
Se
yon sèl ka li genyen kounye a e se ak kòb sa li ta pral achete founiti
pou biwo li ke li bezwen
anpil.
|
she had only one case on hand at that moment and that
was how to pay for some office furniture she needed badly.
|
Dosye
toupatou epi fax machin li pa mache.
|
Files were everywhere, and her fax machine
wasn’t working.
|
‘’E byen’’ li reponn mwen ta pral pran yon ti
vakans men mwen ka ranvwaye li pou kèk jou..’’
|
"Well" – she replied – "I was just
going on holiday, but I could put it off for a few days."
|
Lawrence baker souri, li genyen.
|
Lawrence Baker smiled triumphantly:
|
Kay, al pran yon ti repo pou kèk jou, epi mwen va
ale ak Daisy nan fèt ak dine nan plas ou.
|
"Kay, you go off and have a rest for the next
few days, and I’ll take Daisy round with me to parties and lunches you
would be going to."
|
Kay Bartok sanble li soulaje
|
Kay Bartok looked relieved.
|
‘’Mwen vle di ou mèsi Mis hamilton e mwen swete
ke pwochèn fwa mwen vini, mwen va chèche adrès ou pou nou ka anmize nou
ansanm.
|
"I want to thank you Miss Hamilton and I hope
the next time I come over I can look you up and we can have a good laugh
together."
|
Demen maten Daisy twouve li nan yon chanm otèl ak M.
Baker ki ap ede l mete makiyaj.
|
The next morning Daisy found herself in a hotel suite
with Mr. Baker helping her with her make-up.
|
Daisy te ontijan dezoriante
|
Daisy was a bit confused.
|
‘’Men Mis Bartok pi gran pase m
eske moun pap wè sa?
|
"But Miss Bartok is older than me! Won’t
people notice?
|
Epi aksan kanadyen li genyen an?
|
And what about her accent?"
|
Lawrence ri
|
Lawrence laughed.
|
Ou pa bezwen pè. Tout moun konn Kay kòm aktrès fim
klasik.
|
"Don't worry. Kay is well-known for her stage
and film classical acting,
|
Li
te etidye a Lond epi anpil moun panse ke li se Anglèz detout fason.
|
she studied in London, you know, and most people
think she is English anyway.
|
Epi
menm si Kay pi gran pase w li pa sanble sa nan fim li yo.
|
As to the fact that Kay is older than you, she
doesn’t look it in her films!"
|
Daisy
pran kouray li nan men li epi li amize tèt li pandan tout rès semèn
lan.
|
Daisy took courage by the hand and enjoyed herself
immensely for the rest of that week.
|
Li
mete bel rad sou li tankou se lè fet epi li al manje bon manje nan gwo
restoran ki gen a Lond sa ki fè li vin pran senk san liv.
|
She wore beautiful clothes, opened a fête, had
gorgeous food in wonderful restaurants in the heart of London and earned
five hundred pounds.
|
Lawrence te trè janti.
|
Lawrence was anything but mean.
|
Malerezeman yon sel bagay pat mache byen – li te pran
kat liv sou pwa li.
|
There was just one thing - unfortunately she had put
on four pounds in weight!
|
Lè Daisy tounen nan biwo li li kòmanse fonw gade
jounal li pat gentan li jou de twa jou ki sot pase yo.
|
Back in her office Daisy was perusing the newspapers
she hadn’t had time to see in the last few days.
|
Yon jounal popilè te di:
|
One tabloid read:
|
“Kay Bartok fè yon kèmes nan kè Angletè pou
koleksyone lajan pou maladi skleroz.
|
"Kay Bartok opens fête in the heart of England
to collect money for a multiple sclerosis charity.
|
Moun bay preske de fwa lajan yo tap tann lan gras a
cham gran aktis sa-a.
|
Nearly double the sum expected was donated thanks to
the charm of this great actress.
|
Yo remarke ke li anfòm epi li pi jèn ke lè li te
jwe Lady Macbeth nan fim Lawrence Baker-a.
|
It was noticed that she looked very well, and younger
than when she played Lady Macbeth in Lawrence Baker’s film.
|
Li
di ak anpil modesti ke li swete fè mye nan pwochen ròl li va jwe epi li
renmen krèm anglè anpil!”
|
She modestly said that she hopes to act even better
in her next role and that she likes English ice-cream very much"
|